Saturday 7 February 2015

Song of the day - Chanté pou jòdi-a

Song of the day - Chanté pou jòdi-a

M'asire'm nan Kris - I assure myself in Christ

KREYÒL AYISYEN - HAITIAN CREOLE



 M’asire’m nan Kris... I assure myself in Christ
Mwen jwenn sekirite ....I find safety
M’asire’m nan Kris.... I assure my self in Christ
Sitiyasyon lavi m chanje.... My life's situation has changed

Jezi s’on bon zanmi.... Jesus is a good friend
Ki pa janm lage m nan wout.... Who will never abandon me
Menm si tout moun kite m.... Even if everybody else leaves me
Li toujou la pou li ede m.... He's always there to help me
Genyen yon fwa m te santi m sèl... One time, I felt all alone
Mwen te fin dekouraje.... I was discouraged
Tèlman gwo van yo t’ap soufle.... because of the violent storm
Jezi te toujou la pou li ede m.... Jesus was always there to help me

Pafwa se dyab rasyal.... Sometimes it's the devil from our roots
Pafwa se pòch mawon.... Sometimes it's a crook
Pafwa se bon zanmi.... Sometimes it's a good friend
Ki pa vle wè m pwogrese.... That doesn't want me to progress
Pafwa gen lòt ki di.... Sometimes other people say
Ou menm ou pa janm anyen.... You will never be anything
Yon sèl bagay mwen konnen.... One thing I know
Dosye m nan nan men Jezi Kri.... My file/dossier in Jesus Christ's hands

Zanmi m, si w gen pwoblèm... My friend, if you're troubled
Ou santi w dekouraje... You feel discouraged
Tout pòt fèmen pou ou... All doors are closed to you
Pa gen pèsòn ki pou ede w... There's no one who can help you
Si doktè kondane w... If the doctor's have condemned you
Si ou pa gen lavi... If there's no hope of life
Tout moun pèdi espwa.... Everyone has lost hope
Ou mèt vin asire w nan kris.... You may assure yourself in Christ

Asire w nan Kris... Assure yourself in Christ
Wa jwenn sekirite.. You will find safety
Asire w nan Kris.. Assure yourself in Christ
Wa wè sitiyasyon w chanje... You situation will change

M’asire m… I assure myself
Nan Jezi m’asire m... In Jesus I assure myself

Gen lavi… There's life
Nan Jezi lavi.... In Jesus there's life

Gen sante… There's health
Nan Jezi gen sante... In Jesus there's health

Gen lanmou.... There's love
Nan Jezi gen lanmou.... In Jesus there's love

Jezi..., Jezi..., Jezi... Jesus, Jesus, Jesus
Yaweh…, Yaweh..., Yaweh... Yahweh, Yahweh, Yahweh
El Shaddai…, El Shaddai..., El Shaddai...

Sa jezi fè pou mwen.... What Jesus had done for me
M pa ka kite L……. I can't leave Him

No comments:

Post a Comment